Haitian Creole Translation Team

Tradiksyon GNOME an Kreyòl Ayisyen (entèfas itilazatè, entèfas itilizatè piti ak dokimantasyon)

Pouki rezon pou nou tradwi GNOME an Kreyòl Ayisyen?

Aprè konsta nou fè nan zafè Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon an Ayiti, nou wè majorite odinatè yo ak pwogram ki nan yo se an nan Angle yo ye pandan ke itilizatè yo pa twò byen konprann Angle byen ke yo li Angle. Jounen jodi, odinatè se yon zouti prèske tout pwofesyonèl ap itilize. Nou remake itilizatè sa yo pa twò evolye nan travay yo ap fè ak odinatè paske yo toujou ap fè menm sa yo te montre yo oswa sa yo sonje nan sa yo te aprann yo. Si yon itilizatè ta vle fè yon bagay nan yon travay lap fè nan yon pwogram ki sou yon odinatè, li ka difisil pou li fè li sèl, sa nou rele kreyativite pwofesyonèl la. Ak GNU/Linux ki gen entèfas itilizatè GNOME enstale sou yon odinatè, nou pral mete Kreyòl Ayisyen nan lis lang nou ka chwazi yo.

Etap pou nou reyalize pwojè sa

  1. Fe yon paj entènèt (Gen yon paj entènèt)
  2. Kreye yon kominote (Bay aksè pou anpil moun ka patisipe nan tradiksyon an sou entènèt)
  3. Kreye ekip (Gen yon ekip tenik)
  4. Tradiksyon ak koreksyon (korije ak valide tradiksyon yo)

Detay teknik sou pwojè a

Kisa GNOME a ye?

Avan nou di kisa GNOME nan ye, nou vle fè nou konnen tradiksyon GNOME an Kreyòl Ayisyen se lide Fondasyon Pwogram Lib (FPL). GNOME se yon akwonim angle ki soti nan GNU Network Object Model Environenment. GNU vle di GNU pa UNIX. Li se yon Pwogram Lib ki pèmèt nou jere odinatè avek yon entèfas itilizatè grafik. Entèfas oubyen anviwònman itilizatè grafik sa nou rele li biwo. Anviwònman itilizatè grafik zanmitay sa gen pou objèktif fè plis moun itilize sistèm GNU an. Anviwònman sa kounye a popilè sou Sistèm GNU / Linux epi tou li travay sou pifò Sistèm UNIX. UNIX se yon Sistèm Operativ yo te konn itlize lontan, anpli Sistèm Operativ nap itilize jodi a soti nan UNIX.

Poukisa se GNOME ?

GNOME se yonn nan Pwogram Lib ki lye itilizatè yo ak Sistèm Operativ Lib nan Odinatè. Sistèm Operativ GNU/Linux menm jan ak tout lot Pwogram Lib yo bay itilizatè yo kat (4) libète ke nou jwenn nan Lisans Piblik Jeneral GNU ki fè yo endepandan ak ankouraje solidarite ak pataj. Sistèm Operativ yo anpil, men anpil nan yo pa bay itilizatè yo libète paske yo pa Pwogram Lib. Se libète sa nou jwenn nan Pwogram Lib yo ki fè nou ka monte pwojè tradiksyon GNOME an Kreyòl Aysyen.

Rezilta pwojè sa ap pote

 Ayisyen ap ka mete Odinatè yo nan lang Kreyòl Aysyen depi se Sistèm Operativ GNU/Linux yo ap itilize  Pwojè sa ap ede Systèm Edikasyon Ayisyen nan tout nivo  Nou ap vin plis kreyativ ak endepandan nan travay nap fè sou Odinatè


Haitian Creole (ht)

Plural forms: nplurals=2; plural=(n != 1)

 Archives

Team membership

Committers

No committers

Reviewers

No reviewers

Translators

No translators

Inactive members